TRADUIRE :                                        

Nous sommes venus vous apporter un rêve grandiose dont l’éclat dépassera les frontières d’Haïti, mais un rêve possible.

 

OPERATION  15  POUR  15

2015  pa  ka  1915

                             Jèn Ayisyen, Ayisyèn, konpatriyot mwen yo nan tout peyi a, kèlkeswa kotew ye nan mond lan, nan tout kouch sosyal, kèlkeswa koulè pow, nivow oubyen ran sosyal ou. Pitit soyèt kou pitit previlon,  jèn anwo tankou jèn anba, jèn nan vil tankou jèn nan pwovens, jèn nan geto tankou jèn nan salon, mesaj sa nou pote Jodi a se pou ou e li konsènew.

                           Jodi a nou pral fè yon egzèsis ki difisil, paske nou pa gen abitid sa nan Pratik nou. Nou pral chita ansanm pou nou reflechi sou kote nou ye jodi a, kibo yo vle rive avèk nou e ki kote nou soti pou nou rive la a jodi a.

                           Nou menm, ras moun sa ki posede bout tè sa ki rele Ayiti a, nou gen yon misyon ki komanse depi an 1503 lè kolon blan te deside mare zansèt nou yo tankou bèt pou mennen yo vin bourike kom esklav.

                           Men an 1803 pou rive 1804, te gen yon potorit gason ki rive reyini ni nèg po rouj, ni nèg po nwa poul te vire yo lot paj nan listwa nou. E se mesye sa yo ki te ban nou dwa pou nap frape lestomak pou nou di nou se ayisyen paske nou gen yon peyi ki rele nou chè mèt janti mètrès.

                           Men, mirak sa a pat janm rantre nan santiman mesye kolon ki te wont po yo wè kouman moun yo tap trete tankou bèt yo te rive met tèt yo ansanm po yo devlope estrateji ak taktik pou yo te bay lame Bonapat la yon leson ke listwa pap janm bliye epi pou yo ban nou moso zile sa kom yon eritaj.

                           Enben, pou yo te leve wont sa, tout gwo pisans epok la te mete tet yo ansanm pou yo izole nou, imilye nou, maltrete nou nan tout sans. Yo fè kom si batay nou te mennen  pou libète nou an se te yon krim kont limanite te ye.

                           Nan lane 1825, nou ta pral pran yon premye souflèt lè misye Boyer aksepte peye endepandans nou an ke zansèt nou yo te bay san yo pou nou te genyen an.

                           Malgresa sa, sa pat janm ase, fos antidevlopman Ayiti yo toujou ap travay pou yo destabilize nou, yo jwe sou tout feblès nou yo pou yo vire nou youn kont lot. Men sa nou pa janm konpran, a chak fwa nou tonbe goumen antre nou, se toujou yon fyète pou yo pou yo vin mete yon fo lapè nan mitan nou e kontinye fè nou kwè ke nou paka antann nou.

                           Men jounen jodi a nan kad lansman operasyon Ayiti 15 pou 15 nou oblije fè yon ralanti poun fè kèk refleksyon, sa nou pa janm gentan poun fè paske nan bouske lavi dèyè pen kotidyen nou pa janm gentan pou nou panse sou demen nou. Lè nou resi ta vle reflechi se yon lot nap chèche pou nou akize.

                          Frèm ak Sèm yo, map di nou, pa bliye, e pigan janm bliye, nan lane 1910 apre yo te fin itilize Vilbren Giyom Sam poul te asasine Lekont, poul te ranvèse Zamor, enben batonk bat chen nwa a, se li ki ta pral bat chen blan an. Nan lane 1915, apre yo te fin itilize rosalvo Bobo poul destabilize gouvènman sanginè Vilbren Giyom Sam nan, nan dat ki te 27 jiyè menm lane sa a, pèp la te rantre nan delegsyon anbasad Frans la nan potoprens, yo pran Giyom Sam po dyab ki te wè de b, ki te konprann se byen bon, yo rachel anba kout manchèt.

                          Sitiyasyon chirepit sa ta pral bay blan Meriken rezon sou nou e nan demen 28 jiyè lane 1915 sa, peyi sa zansèt nou yo te bay san yo pou li a ta pral tonbe anba lokipasyon.

                          1915-2015, sa fè nou 100 an depi nou anba lokipasyon nan tout sans. Menmsi an 1934, sou la fom nou te retounen monte drapo ble e wouj la anko nan peyi a, men nan lespri nou se drapo 13 ba, 50 etwal la ki te toujou ap flote paske sistèm Lokipasyon an te gen tan anvayi nan sa nap manje, nan jan nap abiye, nan fason nap pale, nan mizik nap pwodwi, nan fason nap panse… Lokipasyon an te gentan fin byen chita kol nan mantal pifo nan nou.

                         Alo jodi a nan kad lansman operasyon Ayiti 15 pou 15 lan nap lanse yon siyal byen wo e byen fo pou nou di tout nasyon an Atansyon! Atansyon! Atansyon!!!!!

                        Map di ak tout jèn menm jan avèm kap tande mesaj sa jodi a, kitel travèsew jiskaskel touche nanm ou, poul ka desenstale viris okipasyon sa a ke yo enplante nan sèvo nou depi plis pase yon syèk. Travay rasanbleman boujon ELIT sa a kap gen responsabilite poul pran desten peyi sa an men, se misyon pa nou li ye… An nou asime responsabilite nou,pandan nap vin angaje nou menm jan avèm ak anpil lot jèn ki fè chwa sa a deja.

                       Apati jodi a, nap sispann aplike prensip je wè bouch pe a, komsi sa kap pase yo pa konsène nou.

                      Map envite nou pou nou ini sèvo nou, vwa nou aksyon nou ak tout sa nou genyen ki pozitif pou nou demanti tout fos antidevlopman ki vle fè nou konprann ke nou paka met tèt nou ansanm pou nou viv byen pandan nap kontwi avni nou.

                      An nou pa bliye se nan tèt ansanm nou te voye siyal bwa kayiman an, se nan tèt ansanm nou te akouche 1804, an nou pa bliye 12 janvye 2010 jan nou te met tèt nou ansanm, jan dlo tap koule nan je nou menm pou moun nou pa konnen… Sa te fè nou konprann ke granmoun yo gen rezon lè nan sajès yo, yo di « lè nen pran kou, je kouri dlo. »

                    Jounen jodi a mouvman dezokipasyon sa a nap preche a, se nan tèt nou chak li dwe fèt, komanse sou mwen menm, pase pran chak moun ki sou tab sa la, poul rive sou chak grenn ayisyen nan tout rakwen, komanse sou nou menm ki la jodi a e pou travay sa kontinye fèt nan lespri tout lot jenerasyon kap gen pou fèt.

                    Nap presize ke batay nap mennen an se yon batay ideyolojik, dyalektik, senbolik men kap gen poul kristalize nan nanm ak lespri chak grenn ayisyen kèlkeswa kotew ye sou planèt sa.

                   Kidonk aprè nou fin akouche tout refleksyon sa yo jodi a, diskou sa a fè :

  1. nou konprann aklè ke, depi san lané, soufrans, malsite, grangou, mizè mas popilè yo,  apovrisman planifye klas mwayen lan, enstrimantalizasyon inivèsitè yo, manifestasyon tout la sent jounen, boule kawotchou, dechoukaj, kraze-brize, tout bagay sa yo se zouti ke sistèm okipasyon an itilise pou divize nou youn ak lot e anpeche nou tounen yon fos oganize. Tout sitiyasyon sa yo fè nou pa janm gen tan ni kapasite pou nou reflechi pou lavni.
  1. Nou konstate tou malerezman ke gen moun ki tire pwofi de sitiyasyon divizyon sa pou yo plen poch yo e pemèt zot fè enjerans avèk awogans nan zafè entèn peyi nou jis jounen jodi. Men nap di tou ak tout moun ki tranpe dwèt yo nan zak malonèt sa a : se bon !!!!

Paskeee baton ki bat chen nwa ….

 Nou konprann e nou pèsuade ke  ou o tan nou paka oganize eleksyon nou ak pwot mwayen pan ou, se sistèm okipasyon kap toujou gen kontwol tout desizyon nap gen poun pran… Chak jou nap repete “Qui finance, commande” (bis), men nou genlè pa janm konpran sa nap di a!!!!!

  1. Nou konprann ke fomasyon Elit la sipoze yon aksyon ki fèt nan enterè tout nasyon an avèk entèlijans nan tèt kole ant lidè ki soti nan mitan mas popilè yo, ak etudyan, univèsitè nou yo, pandan nap monte nan mon yo al chèche lidè oganizasyon peyizan yo, lidè sindika yo, san nou pa bliye medya ki konn wol e kap defann dwa ak tout lot enstans ki manifeste enterè pou dwa moun respekte
  1. Nou konprann anfin ke linite nan plas divizion, disiplin nan plas dezod, rigè nan plas penyen lage, valorize bagay lakay o lieu bagay etranje, estabilite nan plas hing-hang, avek angajman se kondision de baz pou devlopman

Se kapasite sa nou genyen  pou nou chita ansanm pou nou reflechi e rive konprann tout bagay sa yo, melanje ak sacrifis ke nap kontinye fè pou mete yo an aplikasyon ki ban nou estati « ELIT » sa nap pale a ki afichel jodi a nan lansman operasyon Ayiti 15 pou 15 nan tèt kole ant oganizasyon ki soti nan mitan mas popilè ak etidyan nou yo ke yo toujou ap mal itilize pou yo pran pouvwa epi lè fini bliye yo tankou bale dèyè pot yo sonje chak tan kay la sal… 

 

  OPERASYON « AYITI 15 POU 15 »  ap pèmèt  :

  • Nou voye youn siyal klè pou montre pozisyon fas a tout manèv ki vize repete souflèt 1915, sou youn  oswa sou yon lot fom
  • Nou souliye ke 2015 lan, se komansman patisipasyon entelijans elit ak resous imèn kalifié mas popilè yo nan zafè jesyon peyi a pandan yap sispan itilize yo kom enstriman pou fè dezod, kraze brize men pou yo pozisyone yo kom elit responsab nan sosyete nou an

Nan non :

* Tout Ayisyen ki fyè de tèt, ki se Ayisyen nan nanm yo

* Jèn, etudyan ak inivèsitè

* Oganizasyon popilè yo (site solèy, gran ravin, bèlè, bit bwaye, marekaj, elatriye)

* Nan non tout manman ak papa pitit ki rete attaché ak peyi sa a toujou

* Nan non tout pwofesè ak tout pwofesyonèl ki kontinye ap reziste nan peyi sa toujou

 

  Mèsi Ampil, Pote Nou Byen.

 

 

 

 

 

Copyright 2016

#20, rue 7 Babiole, Port-au-Prince, Haiti
Cells : (509) 4715-6462 |4230-6547 | 3388-5863

Bureau : (509) 3130-2957

Haiti.Jemengage@gmail.com

Haïti Je M'engage...! Ayiti Mwen Deside'm...! n'est pas une organisation sociale, et encore moins un parti politique , mais un projet éminemment politique qu vise à façonner et modeler le mental des jeunes Haïtiens pour transformer Haïti en un pays-phare, à dominante bio, sur une période de 12 années.

© Copyright 2014 Haiti Je M’engage!